Centre de médias

Communiqué de presse


Deklarasyon Misyon Konsèy Pèmanan OEA an Ayiti

  10 juin 2021

Yon Misyon Oganization Eta Ameriken yo (OEA) te rive nan Pòtoprens, Kapital peyi d’Ayiti jou kite Madi 8 jen 2021 pou yon vizit twa jou. Misyon sa te konpoze de reprezantan pèmanan nan Kanada, Kosta Rika, Ekwatè, Sen Vensan, Grenadin ak Etazini, ak sipò Sekretarya Jeneral OEA ak Reprezantan Espesyal Sekretè Jeneral la an Ayiti. Objektif Misyon an se te fasilite yon dyalòg ki dwe mennen a eleksyon lib e san fòs kote.

Prezidan Jovenel Moïse te resevwa manm Misyon an nan odyans avèk patisipasyon Premye Minis pwovizwa Claude Joseph ki an menm tan Minis Afè Etranjè. Manm Misyon yo te patisipe tou nan plizyè diskisyon avèk plis pase 50 entèlokitè ki soti nan divès domèn nan sosyete sivil la ak aktè politik yo.

Ansanm reyinyon sa yo te bay opòtinite pou diskite sou anpil gwo pwoblèm Ayiti ap fè fas e renouvle angajman aktè yo nan yon pwosesis demokratik ki enkli tout moun e ki dwe mennen a yon eleksyon lib, san fos kote nan mwa kap vini yo. Nan chak reyinyon ke yo te patisipe, manm Misyon yo te mande pou gen:

- Angajman an favè demokrasi reprezantatif kom sa prevwa nan Chat Demokratik Entè-Ameriken an
- Angajman pou gen bon jan eleksyon lejislatif ak prezidansyèl lib e san fos kote nan lane 2021
- Yon pwosesis elekyotal transparan ak patisipasyon tout moun, ki dwe kredib pou pèp ayisyen an
- Yon konpwomi pou rive nan yon akò politik pou benefisye pèp ayisyen an
- Angajman kont vyolans politik ak enpinite e angajman pou respekte dwa moun

Misyon an te rekonesan de opòtinite li te genyen poul te angaje dirèkteman dialòg fran e ouvè avèk anpil moun ki soti nan dives sekte e ki konsene nan kriz la.

Misyon an pral kounye a konsidere opinyon ke li te resevwa yo, epi, nan lespas de (2) semèn, li pral soumèt yon rapò bay Prezidan Konsèy Pèmanan kap pran an konsiderasyon konsta yo fe, konklizyon yo ak ak rekòmandasyon yo.

Misyon an te tre kontan de opotinite li te genyen poul gen direkteman yon dialog fran e ouvè ak anpil akte konsene ki soti nan dives sekte nan peyi a.

Misyon an vle eksprime remèsiman li a Prezidan an pou envitasyon l te voye ban nou e an menm tan remesye tout aktè yo net ki te patisipe nan diskisyon trè pwodiktif ki te fèt yo.

Référence : V-O-063/21