Centre de médias

Not pou laprès la


Deklarasyon Misyon Konsèy Pèmanan OEA an Ayiti

  8 jwin 2021

Nan solidarite ak pèp ayisyen an, nan dat 17 mas 2021, Konsèy Pèmanan Oganizasyon Eta Ameriken yo te apwouve pa konsansis yon rezolisyon ki eksprime enkyetid sou sitiyasyon politik grav, sekirite ak dwa moun an Ayiti epi yo te ofri li voye yon misyon.

Yon envitasyon te resevwa nan men Gouvènman Ayiti a, e yon Misyon pou vizite Ayiti semèn sa a epi lap gen pou l rankontre avèk yon seri de moun ki gen enterè, gen ladan gouvènman an, opozisyon an ak sosyete sivil la. Objektif Misyon a se fasilite yon dyalòg ki ta mennen nan eleksyon lib e jis.

Misyon an konpoze de reprezantan pèmanan nan OEA de Kanada, Kosta Rika, Ekwatè, Sen Vensan ak Grenadin ak Etazini, avèk sipò Sekretarya Jeneral OEA e ak Reprezantan Espesyal Sekretè Jeneral OEA a an Ayiti.

Misyon an pral dire twa jou, soti nan 8-10 jen 2021.

Referans: O-061/21